67
Pou direktè koral la; avèk enstriman ak kòd yo. Yon Sòm; Yon Chan
Ke Bondye ka fè nou gras,
Nonb 6:25 beni nou e fè vizaj Li vin klere sou nou——
Ke chemen Ou kapab byen koni sou tè a,
ak És 52:10sali Ou pami tout nasyon yo.
Kite Sòm 66:4 pèp yo louwe Ou, O Bondye.
Kite tout pèp yo louwe Ou.
Kite nasyon yo fè kè kontan e chante ak jwa,
paske Ou va jije pèp yo avèk ladwati e Sòm 47:8gide nasyon yo sou tè a.
Tan
Kite Sòm 67:3 pèp yo louwe Ou, O Bondye.
Kite tout pèp yo louwe Ou.
Lev 26:4 Latè te bay pwodwi li.
Bondye, Bondye pa nou an, ap toujou beni nou.
Bondye ap toujou beni nou.
Sòm 22:27 Dènye pwent latè a va gen lakrent Li.

67:1 Nonb 6:25

67:2 És 52:10

67:3 Sòm 66:4

67:4 Sòm 47:8

67:5 Sòm 67:3

67:6 Lev 26:4

67:7 Sòm 22:27