8
Konsa, tout pèp la te rasanble kon yon sèl moun nan plas ki te devan Pòtay Dlo a. E yo te pale ak Esdras, skrib la, pou mennen II Kwo 34:15 liv lalwa Moïse la ke SENYÈ a te bay a Israël la. Epi Esdras, prèt la, te pote lalwa a devan asanble a mesye yo avèk fanm yo, tout moun te kab koute avèk bon konprann, Lev 23:24 nan premye jou nan setyèm mwa a. Né 8:1 Li te li nan liv la devan plas ki te devan Pòtay Dlo a soti granmaten jis rive midi, nan prezans a mesye ak fanm ki te atantif a liv lalwa a. Esdras, skrib la, te kanpe devan yon etaj an bwa ki te fèt eksprè pou afè sila a. Akote li te kanpe Matthithia, Schéma, Anaja, Urie, Hilkija, avèk Maaséja adwat li e agoch li, Pedaja, Mischaël, Malkija, Haschum, Haschbaddana, Zacharie ak Meschullam. Esdras te ouvri liv la devan zye tout pèp la, paske li te kanpe pi wo ke tout pèp la. Lè li te ouvri li, tout pèp la Jij 3:20 te kanpe. Epi Esdras te beni SENYÈ a, gran Bondye a.
Tout pèp la te reponn: “Amen, Amen,” pandan yo te leve men yo. Egz 4:31 Yo te bese ba pou te adore SENYÈ a avèk figi yo jis atè. Anplis, Josué, Bani, Schérébia, Jamin, Akkub, Schabbethaï, Hodija, Maaséja, Kelitha, Azaria, Jozabad, Hanan, Pelaja, avèk Levit yo te eksplike lalwa a pèp la pandan pèp la te rete an plas. Yo te li nan liv la, soti nan lalwa Bondye a, e te tradwi pou fè yo konprann, pou yo ta kab byen sezi sa ki te li a.
Néhémie, ki te gouvènè a ak Esdras, prèt la ak skrib, avèk Levit ki te enstwi pèp la, te di a tout pèp la: Né 8:2 “Jou sa a sen a SENYÈ a, Bondye nou an. Det 12:7-12Pa fè dèy, ni pa kriye.” Paske, tout pèp la t ap kriye lè yo te tande pawòl lalwa yo. 10 Konsa, li te di yo: “Ale manje grès, bwè sa ki dous e Det 26:11-13 voye bay pòsyon a sila ki pa t prepare yo; paske jou sa a sen a SENYÈ nou an. Pa fè lapèn ak soufrans, paske lajwa SENYÈ a se fòs nou.”
11 Konsa, Levit yo te kalme tout pèp la, epi te di: “Rete kalm, paske jou a sen. Pa fè doulè.”
12 Tout pèp la te Soti pou manje, bwè e voye bay pòsyon pou selebre yon gwo fèt, Né 8:7-8 akoz yo te konprann pawòl ke yo te fenk tande.
13 Nan dezyèm jou fèt la, tout chèf zansèt a tout pèp la, prèt yo ak Levit yo te rasanble kote Esdras, skrib la, pou yo ta kab ranmase konesans nan pawòl lalwa yo. 14 Yo te twouve ekri nan lalwa a jan SENYÈ a te kòmande pa Moïse ke fis Israël yo Lev 23:34-42 ta dwe viv nan tonèl pandan fèt setyèm mwa a. 15 Konsa, yo te fè pwoklamasyon an, e te pwoklame li nan tout vil pa yo ak Jérusalem. Yo te di: Lev 23:40 “Ale deyò vè ti mòn yo e pote branch oliv yo, avèk branch oliv mawon yo, branch bwa bazilik yo, branch palmis yo, avèk branch nan lòt kalite bwa ak fèy, pou fè tonèl yo, jan sa ekri a.”
16 Pou sa, pèp la te sòti e te pote yo pou fè tonèl yo pou yo menm, chak nan twati pla anwo kay pa yo, oswa nan lakou yo, nan lakou lakay Bondye a, nan plas kote Pòtay Dlo a, e nan plas kote Pòtay Ephraïm nan. 17 Tout asanble a sila ki te retounen soti an kaptivite yo te fè tonèl yo, e te rete ladann yo. Fis Israël yo, II Kwo 7:8 anverite, pa t konn fè sa depi nan jou a Josué yo, fis a Nun nan, jis rive nan jou sa a. Epi te gen gwo rejwisans. 18  Det 31:11 Li te li soti nan liv lalwa a chak jou, soti nan premye jou a, jis rive nan dènye jou a. Yo te selebre fèt la pandan sèt jou, e nan uityèm jou a, te gen yon asanble solanèl selon òdonans lan.

8:1 II Kwo 34:15

8:2 Lev 23:24

8:3 Né 8:1

8:5 Jij 3:20

8:6 Egz 4:31

8:9 Né 8:2

8:9 Det 12:7-12

8:10 Det 26:11-13

8:12 Né 8:7-8

8:14 Lev 23:34-42

8:15 Lev 23:40

8:17 II Kwo 7:8

8:18 Det 31:11