20
Alò, SENYÈ a te pale a Josué e te di: “Pale a fis Israël yo e di: ‘Etabli Nonb 35:6-34vil azil ke M te pale ou pa Moïse yo, pou moun ki touye nenpòt moun san li pa fè eksprè, san reflechi yo, pou yo kapab sove ale rive la. Yo va vin yon azil kont vanjè san an. Li va sove ale rive nan youn nan vil sila yo. Yo va kanpe nan antre Rt 4:1pòtay a vil sa a pou pwononse ka li a pou ansyen yo nan vil la tande. Konsa, yo va fè l antre nan vil kote yo a, yo va ba li yon kote pou li kapab rete pami yo. Alò, si Nonb 35:12vanjè san an vin kouri dèyè li, yo pa pou livre moun ki touye moun nan nan men yo, akoz li te frape vwazen li an san reflechi e li pa t rayi li avan lè. Li va rete nan vil sa a Nonb 35:12jiskaske li kanpe devan asanble a pou jijman, jiska lanmò a wo prèt la nan jou epòk sa a. Epi moun ki te touye moun nan va retounen nan pwòp vil pa li ak pwòp kay pa li, nan vil sila li te sove ale a.’ ”
Konsa, yo te mete akote Jos 21:32Kédesh nan Galilée nan peyi ti kolin yo a Nephtali, Sichem nan peyi ti kolin yo a Éphraïm ak Kirjath-Arba (sa vle di, Hébron) nan peyi ti kolin Juda a. Lòtbò Jourdain an, sòti Jéricho vè lès, yo te dezinye Betser nan dezè a sou plèn nan pou tribi Ruben an, Ramoth nan Galaad pou tribi Gad la ak Golan nan Basan pou tribi Manassé a. Sila yo se te Nonb 35:13vil yo chwazi pou tout fis Israël yo, pou etranje ki demere pami yo, pou nenpòt moun ki touye yon moun san eksprè, kapab sove ale rive la e pa mouri pa men a vanjè san an jiskaske li vin kanpe devan asanble a.

20:2 Nonb 35:6-34

20:4 Rt 4:1

20:5 Nonb 35:12

20:6 Nonb 35:12

20:7 Jos 21:32

20:9 Nonb 35:13