5
1 Alò, konsènan ✡tan ak epòk yo, frè m yo, nou pa bezwen ekri nou anyen. 2 Paske nou menm, nou konnen trè byen ke ✡jou a Senyè a va vini sou nou tankou yon vòlè lannwit. 3 Pandan y ap di “Lapè ak sekirite”, alò ✡destriksyon va vini sou yo sibitman, tankou ✡doulè a yon fanm k ap fè pitit. E yo p ap chape.
4 Men nou menm, frè m yo, nou pa nan ✡tenèb, pou jou a ta siprann nou tankou yon vòlè. 5 Paske nou tout se ✡fis a limyè e fis lajounen an. Nou pa apatyen a lannwit ni a tenèb. 6 Konsa, annou pa ✡dòmi tankou ✡lòt yo konn fè a, men annou rete vijilan e rezoli. 7 Paske sila ki dòmi yo, fè dòmi yo a nan lannwit; e sila kap vin sou yo ✡vin sou yo nan lannwit. 8 Men paske nou apatyen a lajounen, annou rete rezoli. Annou fin mete sou nou ✡pwotèj lestomak lafwa ak lanmou an, e kòm ✡kas, lesperans sali a.
9 Paske Bondye pa t destine nou a ✡lakòlè, men pou nou vin ✡gen Sali atravè Senyè nou an, Jésus Kri. 10 ✡Li te mouri pou nou pou kit nou vivan kit nou mouri, nou va viv ansanm avèk Li.
11 Konsa, annou ankouraje youn lòt, e ✡remonte youn lòt, jis jan n ap fè a.
12 Men nou mande nou, frè m yo, pou nou apresye sila ✡ki travay avèk dilijans pami nou yo, e ki ✡responsab nou nan Senyè a pou bannou lenstriksyon e korije nou. 13 Fòk nou ba yo gwo estim nan lanmou akoz de travay yo.
✡Viv nan lapè avèk youn lòt.
14 Nou egzòte nou anpil, frè m yo, avèti moun san ✡prensip yo, ankouraje ✡sila ki manke kouraj yo, ede fèb yo, aji nan pasyans avèk tout moun. 15 Veye pou ✡pèsòn pa rann youn lòt mal pou mal, men toujou chache sa ki bon pou youn lòt e pou tout moun.
16 ✡Se pou nou rejwi nou tout tan. 17 Priye san rete. 18 Nan tout bagay ✡bay remèsiman, paske sa se volonte Bondye pou nou nan Kris Jésus a.
19 ✡Pa etenn Lespri Sen an. 20 Pa meprize ✡pawòl pwofetik yo. 21 Men ✡byen egzamine tout bagay. Kenbe fèm a sa ki bon an 22 e evite tout kalite mal.
23 Koulye a, ke Bondye lapè a, Li menm, ki sanktifye nou nèt la, e ke ✡lespri nou, nanm nou ak kò nou kapab konsève nèt ✡san repwòch jis nan vini a Senyè nou an, Jésus Kri.
24 ✡Fidèl se Sila ki rele nou an, e Li osi va fè l rive konsa.
25 Frè m yo ✡priye pou nou.
26 ✡Salye tout frè yo avèk yon bo ki sen. 27 Mwen bannou lòd nan non Senyè a pou ✡fè lèt sa a li bay tout frè yo.
28 Ke ✡lagras Senyè nou an, Jésus Kri avèk nou. Amen.
✡ 5:1 Trav 1:7 ✡ 5:2 I Kor 1:8 ✡ 5:3 II Tes 1:9 ✡ 5:3 Jn 16:21 ✡ 5:4 Trav 26:18 ✡ 5:5 Luc 16:8 ✡ 5:6 Wo 13:11 ✡ 5:6 Ef 2:3 ✡ 5:7 Trav 7:15 ✡ 5:8 És 59:17 ✡ 5:8 Ef 6:17 ✡ 5:9 I Tes 1:10 ✡ 5:9 II Tes 2:13 ✡ 5:10 Wo 14:9 ✡ 5:11 Ef 4:29 ✡ 5:12 Wo 16:6,12 ✡ 5:12 Eb 13:17 ✡ 5:13 Mc 9:50 ✡ 5:14 II Tim 3:6,7,11 ✡ 5:14 És 35:4 ✡ 5:15 Wo 12:17 ✡ 5:16 Fil 4:4 ✡ 5:18 Ef 5:20 ✡ 5:19 Ef 4:30 ✡ 5:20 Trav 13:1 ✡ 5:21 I Kor 14:29 ✡ 5:23 Luc 1:46 ✡ 5:23 II Pi 3:14 ✡ 5:24 I Kor 1:9 ✡ 5:25 Ef 6:19 ✡ 5:26 Wo 16:16 ✡ 5:27 Kol 4:16 ✡ 5:28 Wo 16:20