II TESALONISYEN YO
1
1 Paul, Silvain ak Timothée, a ✡legliz Tesalonisyen yo, nan Bondye, Papa nou an, e Senyè a, Jésus Kri: 2 ✡Gras pou nou ak lapè Bondye, Papa a, e Senyè a, Jésus Kri.
3 Nou ta dwe toujou ✡bay remèsiman a Bondye pou nou menm, frè m yo, nan jan sa merite a, paske lafwa nou gen tan grandi anpil, e ✡lanmou a nou chak pou youn lòt ap grandi menm plis toujou. 4 Konsa, nou menm, nou ✡pale avèk fyète de nou pami ✡legliz a Bondye yo, pou pèseverans ak lafwa nou nan mitan tout pèsekisyon ak soufrans ke nou andire yo. 5 Sa se yon sign byen klè de jijman dwat Bondye anvè nou ✡ke nou konsidere dign pou wayòm Bondye a, de li menm nou vrèman ap soufri a.
6 Paske se byen jis pou Bondye rann afliksyon a sila ki aflije nou yo, 7 epi pou bay repo a nou menm ki aflije ak nou yo ✡lè Senyè a Jésus va vin parèt nan syèl la avèk zanj pwisan Li yo nan flanm dife yo. 8 Konsa L a bay chatiman a sila ✡ki pa konnen Bondye yo, e a sila ✡ki pa obeyisan a levanjil Senyè Jésus nou an.
9 Sila yo va peye pinisyon ✡destriksyon etènèl la, lwen prezans Senyè a ak laglwa a pouvwa Li a. 10 Lè Li vini pou L kapab ✡glorifye nan sen Li yo nan ✡jou sa a, e pou L kapab admire pami tout moun ki kwè yo—paske nou te kwè temwayaj pa nou an.
11 Pou rezon sa a osi, nou toujou priye pou nou, pou ✡Bondye kapab konte nou dign de apèl nou an, e ranpli tout dezi pou fè sa ki bon ak zèv lafwa yo avèk fòs, 12 pou ✡non a Senyè Jésus nou an kapab vin glorifye nan nou, e nou nan Li, pa lagras Bondye nou an ak Senyè a, Jésus Kri.
✡ 1:1 Trav 17:1 ✡ 1:2 Wo 1:7 ✡ 1:3 Wo 1:8 ✡ 1:3 I Tes 3:12 ✡ 1:4 II Kor 7:4 ✡ 1:4 I Tes 2:14 ✡ 1:5 Luc 20:35 ✡ 1:7 Luc 17:30 ✡ 1:8 Gal 4:8 ✡ 1:8 Wo 2:8 ✡ 1:9 Fil 3:19 ✡ 1:10 És 49:3 ✡ 1:10 És 2:1 ✡ 1:11 I Wa 22:22 ✡ 1:12 És 24:15