2
1 Alò, nou mande nou, frè nou yo, konsènan ✡vini a Senyè nou an, Jésus Kri, ak ✡reyinyon nou ansanm avèk Li a, 2 pou nou pa pèdi bon sans ak ekilib nou twò vit pa ni yon ✡lespri, ni yon ✡mesaj, ni yon lèt, kòmsi y ap di sòti nan nou menm, ak efè ke jou Senyè a gen tan rive deja.
3 Pa kite okenn moun nan okenn sans twonpe nou, paske li p ap vini amwenske gwo renye lafwa nan Bondye a ta fèt avan, e ✡nonm peche a, fis a ✡pèdisyon an, ta vin parèt. 4 Li va opoze e egzalte tèt li pi wo pase tout kalite bagay yo rele Dye oubyen tout sa ki adore, pou li kapab pran plas li nan tanp Bondye a, e ✡prezante tèt li kòm Bondye.
5 Èske nou pa sonje ✡lè m te toujou avèk nou an, mwen t ap di nou bagay sa yo?
6 Konsa, nou konnen ✡kisa ki anpeche li koulye a, pouke nan lè li a, li kapab vin parèt. 7 Paske ✡mistè nonm a peche a ap travay deja; sèlman Sila k ap anpeche li kounye a, va fè sa jiskaske li vin retire nan wout la.
8 Nan moman sa a, nonm a peche a va vin parèt; sila ke Bondye va touye ✡avèk souf ki soti nan bouch li a, e fè sa fini ak aparisyon retou a Li menm nan. 9 Sa se, sila kap vini an akò avèk aktivite Satan, avèk tout pouvwa, ✡sign, ak fo mirak, 10 epi avèk tout desepsyon mechanste pou ✡sila ki peri yo, paske yo pa t resevwa lanmou ✡a verite a, jis pou yo ta kapab sove.
11 Pou rezon sa a, ✡Bondye va voye sou yo yon lespri twonpè pou yo kapab kwè sa ki fo a, 12 pou yo tout ki ✡pa t kwè nan verite a, men ki te ✡pran plezi nan mechanste, kapab jije.
13 Men nou ta dwe bay remèsiman pou nou menm, frè m yo, byeneme nan Senyè a, akoz ✡Bondye te chwazi nou depi nan kòmansman an pou sali atravè sanktifikasyon ✡pa Lespri a ak lafwa nan verite a. 14 Se te pou sa Li te ✡rele nou atravè levanjil nou an, pou nou ta kapab vin genyen laglwa Senyè nou an, Jésus Kri.
15 Konsa, frè m yo, kanpe fèm e ✡kenbe ak tradisyon ke yo te enstwi nou yo, kit se pa pawòl kit se pa lèt a nou an.
16 ✡Koulye a, ke Senyè nou an, Jésus Kri, Li menm, ak Bondye, Papa nou an, ki renmen nou e ki bay nou rekonfò etènèl ak bon espwa pa lagras la 17 ✡rekonfòte nou e ranfòse kè nou nan tout bon zèv ak pawòl.
✡ 2:1 I Tes 2:19 ✡ 2:1 Mc 13:27 ✡ 2:2 I Jn 4:1 ✡ 2:2 II Tes 2:15 ✡ 2:3 Dan 7:25 ✡ 2:3 Jn 17:12 ✡ 2:4 És 14:14 ✡ 2:5 I Tes 3:4 ✡ 2:6 II Tim 2:7 ✡ 2:7 Rev 17:5,7 ✡ 2:8 És 7:4 ✡ 2:9 Mat 24:24 ✡ 2:10 I Kor 1:18 ✡ 2:10 II Tes 2:12,13 ✡ 2:11 I Wa 22:22 ✡ 2:12 Wo 2:8 ✡ 2:12 Wo 1:32 ✡ 2:13 Ef 1:4 ✡ 2:13 I Tes 4:7 ✡ 2:14 I Tes 2:12 ✡ 2:15 I Kor 11:2 ✡ 2:16 I Tes 3:11 ✡ 2:17 I Tes 3:2