4
Alò, Wa Salomon te wa sou tout Israël. Sila yo se te ofisye pa li yo: I Kwo 6:10Azaria, fis a Tsadok a, prèt la; Élihoreph avèk Achija, fis a Schischa yo te sekretè; II Sam 8:16Josaphat, fis a Achilud la, grefye; epi I Wa 2:35Benaja, fis a Jehojada a te sou lame a; epi Tsadok avèk Abiathar te prèt; Azaria, fis a Nathan an te sou I Wa 4:7depite yo; epi Zabud, fis a Nathan an, yon prèt, te zanmi a wa a; epi Achischar te sou tout afè kay la; epi Adoniram, fis a Abda a te sou mesye travo fòse yo.
Salomon te gen douz depite sou tout Israël, ki te fè pwovizyon pou wa a avèk lakay li. Chak mesye yo te oblije bay pwovizyon yo pou yon mwa chak ane. Sila yo se non pa yo: Ben-Hur, nan peyi ti kolin Éphraïm yo. Ben-Déker nan Makats, Saalbim avèk Beth-Schémesch ak Élon avèk Beth-Hannan. 10 Ben-Hésed nan Arubboth Jos 15:35(Soco te pou li avèk tout teritwa Hépher); 11 Ben-Abinadab nan Jos 11:1-2 wotè kote Dor a (Thaphath, fi a Salomon an te madanm li). 12 Baana, fis a Achilud la, nan Jij 5:19Thaanac avèk Meguiddo, avèk tout Beth-Schean ki akote Tsarthan anba Jizreel, soti Beth-Schean rive Abel-Mehola, jis rive lòtbò Jokmean. 13 Ben-Guéber nan I Wa 22:3-15Ramoth-Galaad (vil a Jaïr yo, fis a Manassé, ki Galaad la te pou li: nan zòn Argob, ki Basan an, swasant gran vil avèk mi yo fè an bwonz te pou li); 14 Achinadab, fis a Iddo a nan Jos 13:26Mahanaïm; 15  II Sam 15:27Achimaats, nan Nephtali. (Li osi te marye avèk Basmath, fi a Salomon an); 16 Banna, fis a II Sam 15:32Huschaï a nan Aser avèk Bealoth; 17 Josaphat, fis a Parauch la nan Issacar; 18  I Wa 1:8Schimeï, fis a Éla a, nan Benjamin; 19 Guéber, fis a Uri a, nan peyi Galaad la, Det 3:8-10nan ansyen peyi a Sihon, wa Amoreyen yo ak Og, wa Basan an; epi li te sèl depite nan tout zòn sila a.
20  Jen 22:17Juda avèk Israël te anpil tankou sab arebò lanmè an kantite; yo t ap manje, bwè, e rejwi. 21 Alò, Salomon te renye sou tout wayòm yo soti Rivyè Euphrate la, jis rive nan peyi Filisten yo ak nan lizyè a Égypte yo. II Sam 8:2-6Yo te mennen pèyman obligatwa e yo te sèvi Salomon tout jou lavi li yo. 22 Pwovizyon pou Salomon pou yon sèl jou se te trant barik farin fen ak swasant barik farin, 23 dis bèf gra, ven bèf chan, san mouton anplis ke sèf, gazèl, chèvrèt mal ak tout kalite zwazo domestik gra. 24 Paske li te byen domine sou tout sila ki te vè lwès Larivyè a, soti nan Thiphsach, jis rive nan Gaza, II Sam 8:2-6sou tout wa yo vè lwès Larivyè a. Epi I Kwo 22:9li te gen lapè sou tout akote ki antoure li yo. 25  Jr 23:6Konsa, Juda avèk Israël te viv ansekirite, chak moun anba chan rezen pa yo avèk pye fig etranje pa yo, I Sam 3:20soti nan Dan jis rive nan Beer-Schéba, pandan tout jou a Salomon yo. 26  I Wa 10:26Salomon te gen karant-mil kote kouvri pou cheval ki te rale cha yo ak douz-mil chevalye. 27 Depite yo te founi pou Wa Salomon avèk tout sila ki te vini sou tab a Wa Salomon yo, yo chak pandan mwa pa yo. Yo pa t kite li manke anyen. 28 Yo te osi pote lòj avèk pay pou cheval avèk Est 8:10-14pi bèl sèl cheval byen vit pou mete kote li ta dwe ye a, yo chak selon chaj yo. 29 Alò, I Wa 3:12Bondye te bay Salomon sajès avèk gran kapasite pou fè bon jijman, avèk entèlijans ki te vast tankou sab arebò lanmè. 30 Sajès a Salomon te depase sajès a tout Jen 29:1fis a lès yo ak És 19:11tout sajès an Égypte la. 31 Paske I Wa 3:12li te pi saj pase tout moun, pase Éthan, Ezrachit la, Héman, Calcol, avèk Darda, fis a Machol yo; epi repitasyon li te nan tout nasyon ki te antoure li yo. 32  Ekl 12:9Li te osi pale plis ke twa-mil pwovèb e chanson li yo te yon mil senk. 33 Li te pale konsènan pyebwa yo soti nan sèd ki Liban an, jis rive nan izòp ki grandi sou mi an. Li te pale osi de bèt ak zwazo avèk reptil ak pwason. 34 Moun te I Wa 10:1 vini soti nan tout pèp yo pou tande sajès a Salomon, soti nan tout wa sou latè ki te tande afè sajès li a.

4:2 I Kwo 6:10

4:3 II Sam 8:16

4:4 I Wa 2:35

4:5 I Wa 4:7

4:10 Jos 15:35

4:11 Jos 11:1-2

4:12 Jij 5:19

4:13 I Wa 22:3-15

4:14 Jos 13:26

4:15 II Sam 15:27

4:16 II Sam 15:32

4:18 I Wa 1:8

4:19 Det 3:8-10

4:20 Jen 22:17

4:21 II Sam 8:2-6

4:24 II Sam 8:2-6

4:24 I Kwo 22:9

4:25 Jr 23:6

4:25 I Sam 3:20

4:26 I Wa 10:26

4:28 Est 8:10-14

4:29 I Wa 3:12

4:30 Jen 29:1

4:30 És 19:11

4:31 I Wa 3:12

4:32 Ekl 12:9

4:34 I Wa 10:1