5
Egz 15:1Alò, Débora avèk Barak, fis a Abinoam nan te chante jou sa a. Yo te di:
Jij 5:9“Akoz chèf yo te dirije Israël,
akoz Sòm 110:3pèp la te pran desizyon,
beni SENYÈ a!
 
“Tande O wa yo!
Bay zòrèy nou, O gran chèf yo!
Sòm 27:6Pou mwen—-Se a SENYÈ a menm ke mwen chante.
Mwen va chante bay lwanj a SENYÈ a, Bondye Israël la.
 
“SENYÈ a, lè Ou te sòti Séir,
lè Ou te mache soti nan chan Édom an,
Sòm 68:8-9 tè a te tranble e syèl la te fonn,
menm nwaj yo te degoute dlo.
Egz 19:18 Mòn yo te souke devan prezans SENYÈ a,
Sinai sila a, devan prezans SENYÈ a, Bondye a Israël la.
“Nan jou a Jij 3:31 Schamgar a, fis a Anath la,
nan jou a Jaël yo, gran chemen yo te abandone,
e vwayajè yo te pase pa lòt ti chemen.
Aktivite abitan yo te sispann.
Yo te sispann an Israël,
jiskaske mwen menm, Débora, te vin leve.
Jiskaske m te leve, yon manman an Israël.
Det 32:17Yo te pito dye nèf yo.
Konsa, lagè te vin rive nan pòtay yo.
Èske gen lans, èske gen nepe,
pami karant-mil lòm an Israël yo?
Kè m apiye vè Jij 5:2chèf Israël yo,
mesye ki parèt ak bon volonte pami pèp la.
Beni SENYÈ a!
10  Jij 10:4 “Pale, Nou menm ki monte bourik blan yo,
nou menm ki chita sou tapi chè yo,
ak nou menm ki vwayaje sou wout la.
11 Lwen bwi achè yo,
nan Jen 24:11 kote y ap rale dlo,
la yo va rakonte I Sam 12:7zèv ladwati a SENYÈ a,
zèv ladwati pou moun li yo an Israël.
“Epi pèp SENYÈ a te desann nan pòtay yo.
12  Sòm 57:8 ‘Leve, leve, Débora!
Leve, leve, chante yon chan!
Leve, Barak, e mennen kaptif ou yo, O fis Abinoam nan.’
13 “Retay prens yo ak chèf yo te desann.
SENYÈ a te desann pou mwen kont pwisant yo.
14 Sila yo rasinen Jij 12:15nan Amalek te soti nan Epharïm.
Yo t ap swiv ou, Benjamin, avèk pèp ou a.
Soti nan Makir, kòmandan yo te desann.
E soti nan Zabulon,
sila ki voye baton pouvwa yo.
15 Prens Issacar yo te avèk Débora.
Tankou Issacar, konsa Barak.
Nan vale a, yo te plonje Jij 4:10dèyè talon li.
Akote kous dlo Ruben yo, yo te pran desizyon.
16 Poukisa nou chita pami Nonb 32:1-36pak mouton yo
pou tande kri a bann mouton yo?
Akote kous dlo Ruben yo, te gen kè
ki manke pran desizyon.
17  Jos 22:9Galaad te rete lòtbò Jourdain an.
Poukisa Dan te rete nan bato yo?
Ak Aser ki chita bòdmè a akote ti flèv yo?
18 Men Jij 4:6-10 Zabulon, yon pèp ki pa t
konsidere lavi yo jiska devan lanmò;
ak Nephtali tou, nan lye wo sou chan an.
 
19 “Wa yo te parèt. Yo te goumen;
wa Kananeyen yo te goumen Jij 1:27 kote Thaanac,
toupre dlo a Méguiddo yo.
Jij 5:30Yo pa t pran piyaj an ajan.
20  Jos 10:12-14Zetwal yo te goumen soti nan syèl la,
soti nan kous yo, yo te goumen kont Sisera.
21 Dlo ravin, larivyè Kishon te pran yo ale,
ansyen dlo ravin nan, dlo ravin Kishon an.
O nanm mwen mache avanse ak fòs.
22  Job 39:19-25Epi zago cheval yo te bat akoz kous la;
kous a tout gwo zago pwisan sa yo.
23 ‘Modi Méroz di zanj SENYÈ a!
Modi pèp ki rete la a nèt,
Jij 5:13akoz yo pa t vini ede SENYÈ a kont pwisant yo.’
24  Jij 4:19-21“Beni pase tout fanm yo se Jaël,
madanm Héber a, Kenyen an.
Se pi beni li ye pase tout fanm nan tant lan.
25 Li te mande dlo; li te ba li lèt.
Nan yon veso byen bèl, li te pote ba li bòl lèt yo.
26 Li te lonje men li pou pran pikèt la,
men dwat la pou mato ouvriye a.
Konsa, li te frape Sisera.
Li te kraze tèt li.
Wi, li te kraze fwontèn tèt li a.
27 Antre janm li yo, li te tonbe.
La, li kouche.
Kote gason an te bese a,
la, li te tonbe mò.
 
28 “Deyò fenèt la, fi a te gade byen twouble:
Manman Sisera te gade anndan treyi a.
‘Poukisa cha l a fè reta konsa?
Poukisa nou poko tande bwi la
a pye cheval cha li yo,
k ap frape tè a pou l rive?’
29 Demwazèl saj li yo tap reponn li;
Anverite, li menm te repete pawòl yo nan pwòp tèt li
30  Egz 15:9‘Èske se pa ke yo te jwenn,
ke y ap divize piyaj la?
Yon demwazèl, menm de demwazèl pou chak gèrye;
pou Sisera, yon piyaj bèl twal fonse,
piyaj a yon twal anbeli trese byen fen;
yon mendèv très doub sou kou a piyajè a?’
 
31  Sòm 66:2“Se konsa pou kite tout lènmi
Ou yo peri, O SENYÈ,
men ke sila ki renmen Li yo
vin tankou solèy k ap leve ak tout fòs li.”
Konsa, peyi a te rete san boulvèsman pandan karant ane.

5:1 Egz 15:1

5:2 Jij 5:9

5:2 Sòm 110:3

5:3 Sòm 27:6

5:4 Sòm 68:8-9

5:5 Egz 19:18

5:6 Jij 3:31

5:8 Det 32:17

5:9 Jij 5:2

5:10 Jij 10:4

5:11 Jen 24:11

5:11 I Sam 12:7

5:12 Sòm 57:8

5:14 Jij 12:15

5:15 Jij 4:10

5:16 Nonb 32:1-36

5:17 Jos 22:9

5:18 Jij 4:6-10

5:19 Jij 1:27

5:19 Jij 5:30

5:20 Jos 10:12-14

5:22 Job 39:19-25

5:23 Jij 5:13

5:24 Jij 4:19-21

5:30 Egz 15:9

5:31 Sòm 66:2