68
Pou direktè koral la; avèk enstriman ak kòd yo. Yon Sòm; Yon Chan
Kite Nonb 10:35 Bondye leve!
Kite lènmi Li yo vin gaye!
Kite sila ki rayi Li yo sove ale devan L.
Kon lafimen konn chase,
konsa, chase yo.
Kon Sòm 22:14 lasi kon fonn devan dife,
konsa, kite mechan yo peri devan Bondye.
Men kite moun Sòm 32:11 ladwati yo fè kè kontan.
Kite yo leve wo devan Bondye.
Wi, kite yo rejwi avèk kè kontan.
Chante a Bondye! Chante lwanj a non Li!
Leve wo pou Sila ki monte sou nwaj yo:
Egz 6:3 non l se SENYÈ a!
Rejwi devan Li an!
Yon Sòm 10:14 papa pou òfelen yo
e yon jij pou vèv yo,
se Bondye nan lye sen Li an.
Bondye Sòm 107:4-7 fè yon fanmi pou sila ki pa genyen an.
Li fè prizonye yo vin sòti deyò ak chan yo,
men rebèl yo viv nan yon peyi deseche.
 
O Bondye, lè Ou Egz 13:21 te sòti devan pèp Ou a,
lè Ou te mache travèse dezè a,
Egz 19:18 tè a te souke.
Syèl yo tou te lage lapli devan prezans Bondye,
prezans Bondye Sinaï lan.
Mond la li menm tè a souke devan prezans
Bondye a, Bondye Israël la.
Ou, Bondye te voye nan tout kote yon gwo lapli.
Ou te konfime eritaj Ou lè li te fatige nèt.
10 Moun pa Ou yo te vin rete ladann.
Ou te Sòm 65:9 founi tout bonte Ou pou
malere yo, O Bondye.
11 Senyè a te anonce pawòl la.
Egz 15:20 Mesaje ki pwoklame bòn nouvèl yo se yon gwo lame.
12 “Wa lame yo sove ale! Yo kouri!
Fanm nan rete nan kay la Jij 5:30 divize piyaj la!
13 Lè ou kouche Jen 49:14 nan pak mouton yo,
se tankou zèl toutrèl ki kouvri ak ajan e
plim li ak lò briyan.
14 Lè Toupwisan an te gaye wa yo la a,
Nèj t ap tonbe sou Jij 9:48Tsalmon.
15 Yon mòn Bondye se Mòn Basan.
Yon mòn apik e difisil se Mòn Basan.
16 Poukisa nou gade ak anvi,
O tout lòt mòn yo?
Sou mòn ke Bondye te Det 12:5 apwente
konn abitasyon Li an?
Anverite, SENYÈ a va abite la pou tout tan.
17 Cha Bondye yo anpil sou milye dè milye.
Senyè a pami yo sòti Sinaï, nan sentete Li.
18 Ou te monte an wo.
Ou te mennen kaptif yo sòti.
Anplis, Ou te resevwa kado pami lòm,
menm pami rebèl yo tou,
pou SENYÈ a, Bondye a, kapab abite la.
 
19 Beni se Senyè a, ki Sòm 55:22 pote fado nou chak jou,
Bondye ki se delivrans nou an.
Tan
20 Bondye pou nou se yon Sòm 106:43 Bondye delivrans.
Epi BONDYE, Senyè a sèl, ki fè nou chape devan lanmò.
21 Anverite, Bondye va Sòm 110:6 kraze tèt lènmi Li yo,
tèt la menm ak cheve a sila ki pèsiste nan mechanste li yo.
22 Senyè a te di: Nonb 21:33 “Mwen va mennen fè yo sòti Basan.
Mwen va mennen yo retounen jis rive nan fon lanmè a,
23 pou pye ou kapab kraze yo bay san,
jis lang I Wa 21:19 chen ou yo kapab jwenn pòsyon pa yo sou lènmi a.”
24 Yo te wè Sòm 77:13 pwosesyon solanèl Ou a, O Bondye,
pwosesyon a Bondye mwen an, Wa mwen,
pou antre nan sanktiyè a.
25 Chantè yo te ale, e mizisyen yo te swiv,
nan mitan a jenn fi ki t ap bat tanbouren yo.
26 Beni Bondye nan asanble yo,
SENYÈ a menm, Det 33:28 fontèn dlo Israël la.
27 Men gade Jij 5:14 Benjamin, pi piti an Israël la,
k ap renye sou yo,
prens a Juda ki konseyè yo,
prens Zabulon ak prens a Nephthali yo.
 
28 Bondye ou a te kòmande fòs Ou.
Montre Ou dyanm, O Bondye, És 26:12 nan sa Ou te fè pou nou menm.
29 Akoz tanp Jérusalem Ou a,
I Wa 10:25 wa yo va mennen kado bay Ou.
30 Repwoche bèt sovaj yo nan mitan wozo a,
twoupo Sòm 22:12 towo yo avèk ti bèf a pèp yo.
Foule anba pye gwo bout pyès ajan yo.
Gaye pèp ki te renmen fè lagè yo.
31 Prens yo va sòti an És 19:19-21 Égypte.
Ethiopie va fè vit pou lonje men l vè Bondye.
32 Chante a Bondye, O Sòm 102:22 wayòm sou latè yo,
Chante lwanj a Senyè a,
Tan
33 A Sila ki vwayaje monte sou Det 10:14pi wo syèl la,
ki la depi nan tan ansyen yo.
Gade byen, Li pale ak gwo vwa,
yon vwa plen pwisans.
34 Rekonèt fòs Bondye a!
Majeste Li sou tout Israël,
Sòm 150:1pwisans Li nan syèl yo.
35 O Bondye, Ou Det 7:21 etonnan nan sanktiyè Ou yo.
Bondye Israël la ki bay fòs ak pouvwa a pèp Li yo.
Beni se Bondye!

68:1 Nonb 10:35

68:2 Sòm 22:14

68:3 Sòm 32:11

68:4 Egz 6:3

68:5 Sòm 10:14

68:6 Sòm 107:4-7

68:7 Egz 13:21

68:8 Egz 19:18

68:10 Sòm 65:9

68:11 Egz 15:20

68:12 Jij 5:30

68:13 Jen 49:14

68:14 Jij 9:48

68:16 Det 12:5

68:19 Sòm 55:22

68:20 Sòm 106:43

68:21 Sòm 110:6

68:22 Nonb 21:33

68:23 I Wa 21:19

68:24 Sòm 77:13

68:26 Det 33:28

68:27 Jij 5:14

68:28 És 26:12

68:29 I Wa 10:25

68:30 Sòm 22:12

68:31 És 19:19-21

68:32 Sòm 102:22

68:33 Det 10:14

68:34 Sòm 150:1

68:35 Det 7:21