6
SENYÈ a te di a Moïse: “Alò, koulye a ou va wè kisa mwen va fè a Farawon. Paske Egz 3:19,20 anba yon men pwisan, li va lage yo, e anba yon men pwisan, li va pouse yo sòti nan peyi li a.”
Bondye te pale plis avèk Moïse e te di li: “Mwen se Egz 3:14 SENYÈ a. Mwen te parèt a Abraham, Isaac, avèk Jacob, kòm Jen 17:1Bondye Toupwisan an, men pa pwòp Sòm 68:4non Mwen, SENYÈ a, Mwen pa t janm fè yo rekonèt Mwen. Mwen te anplis etabli Jen 12:7 akò Mwen avèk yo, pou bay yo peyi Canaran an, peyi kote yo te rete kon etranje. Anplis de sa, Mwen Egz 2:24 tande kri fis Israël yo, akoz Ejipsyen yo k ap kenbe yo nan esklavaj, e Mwen sonje akò Mwen an.”
“Pou sa, di a fis Israël yo: ‘Mwen menm se SENYÈ a. Egz 3:17 Mwen va mennen nou sòti anba fado Ejipsyen yo, e Mwen va delivre nou anba esklavaj pa yo a. Mwen va anplis delivre nou avèk yon bra byen lonje, e avèk gwo jijman.
“ ‘Alò, Mwen va pran nou Egz 19:5 kòm pèp pa m, e Mwen va Bondye pa nou; epi nou va konnen ke Mwen menm se SENYÈ a, Bondye pa nou an, ki te mennen nou sòti anba fado Ejipsyen yo. Mwen va mennen nou nan peyi Jen 15:18 ke M te sèmante pou bay a Abraham, Isaac, ak Jacob la, e Mwen va bannou li kòm posesyon. Mwen menm se SENYÈ a.’ ”
Alò Moïse te pale konsa avèk fis Israël yo, men yo pa t koute Moïse akoz dekourajman avèk esklavaj di a.
10 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 11  Egz 4:22,23 Ale pale Farawon, wa Égypte la, pou kite fis Israël yo sòti deyò peyi li a.”
12 Men Moïse te pale devan SENYÈ a e te di: “Gade byen, fis Israël yo pa t koute mwen. Alò, kijan Farawon ap koute mwen, paske mwen Jr 1:6 manke swa nan pale?”
13 Konsa, SENYÈ a te pale a Moïse avèk Aaron. Li te bay yo yon lòd pou fis Israël yo ak pou Farawon, wa Égypte la pou mennen fis Israël yo sòti nan peyi Égypte la.
14 Sa yo se te chèf an tèt yo pou lakay papa yo. Jen 46:9 Fis Ruben yo, premye ne a Israël la: Hénoc, Pallu, Hetsron avèk Carmi.
15  Jen 46:10 Fis Siméon yo: Jemuel, Jamin, Ohad, Jakin, ak Tsochar; epi Saül, fis a yon fanm Canaran. Sa yo se fanmi Siméon yo.
16 Men non a Jen 46:11 fis Lévi yo avèk posterite pa yo: Guerschon, Kehath, ak Merari. Ane ke Lévi te viv yo se te san-trant-sèt ane.
17  Nonb 3:18-20 Fis Guerschon yo: Libni e Schimeï selon fanmi pa yo.
18  Nonb 3:19 Fis Kehath yo: Amram, Jitsehar, Hébron, avèk Uziel. Ane Kehath te viv yo te de-san-trann-twa ane.
19  Nonb 3:20 Fis Merari yo: Machli avèk Muschi. Sa yo se fanmi Lévi yo, avèk posterite pa yo.
20  Egz 2:1,2 Amram te pran pou fanm Jokébed, tant li an; epi li te fè Aaron avèk Moïse. Ane ke Amram te viv yo te de-san-trann-sèt ane.
21  Nonb 16:1 Fis Jitsehar yo: Koré, Népheg avèk Zicri. 22  Lev 10:4 Fis Uziel yo: Mischaël, Eltsaphan ak Sithri.
23 Aaron te pran pou fanm Élischéba, fi ki pou Rt 4:19,20 Amminidab la, sè Nachschon an; epi li te fè pou li Nadab, Abihu, Éléazar avèk Ithamar kòm pitit.
24  Nonb 26:11 Fis Koré yo; Assir, Elkana, avèk Abiasaph. Sa yo se fanmi tribi Korit yo.
25 Éléazar, fis Aaron an, te marye ak youn nan fi Puthiel yo, e li te fè Nonb 25:7-13 Phinées kòm pitit. Sa yo se chèf an tèt Levit yo selon fanmi pa yo.
26 Se tout sa yo ke Senyè te pale lè l te di Aaron avèk Moïse: “ Egz 3:10 Mennen fis Israël yo deyò nan peyi Égypte la selon chèf lame pa yo.” 27 Se te menm sa yo Egz 5:1 ki te pale avèk Farawon, wa Égypte la, pou fè yo mennen fis Israël yo sòti an Égypte. Se te menm Moïse avèk Aaron sa a.
28 Alò li te vin rive nan jou ke SENYÈ a te pale ak Moïse nan peyi Égypte la, 29 ke SENYÈ a te pale ak Moïse e te di: “Mwen se SENYÈ a. Egz 6:11 Pale ak Farawon, wa Égypte la, tout sa ke M pale ak ou yo.”
30 Men Moïse te di devan SENYÈ a: “Gade byen, lèv mwen yo Egz 4:10 pa sikonsi. Konsa, kijan Farawon va koute mwen?”

6:1 Egz 3:19,20

6:2 Egz 3:14

6:3 Jen 17:1

6:3 Sòm 68:4

6:4 Jen 12:7

6:5 Egz 2:24

6:6 Egz 3:17

6:7 Egz 19:5

6:8 Jen 15:18

6:11 Egz 4:22,23

6:12 Jr 1:6

6:14 Jen 46:9

6:15 Jen 46:10

6:16 Jen 46:11

6:17 Nonb 3:18-20

6:18 Nonb 3:19

6:19 Nonb 3:20

6:20 Egz 2:1,2

6:21 Nonb 16:1

6:22 Lev 10:4

6:23 Rt 4:19,20

6:24 Nonb 26:11

6:25 Nonb 25:7-13

6:26 Egz 3:10

6:27 Egz 5:1

6:29 Egz 6:11

6:30 Egz 4:10