2
Konsa, nou te vin vivan an nan lè nou te Ef 2:5fin mouri nan transgresyon ak peche nou yo. Nan sila yo menm, nou te konn mache oparavan yo, selon kous a mond sa a, selon Jn 12:31prens a pwisans de lè a, lespri a ki koulye a menm ap aji nan Ef 5:6fis a dezobeyisans yo. Pami yo, nou tou te konn viv Gal 5:16nan dezi lachè nou, nan satisfè sa dezi lachè a ak lespri a te mande nou fè. Nou te Wo 2:14pa lanati, zanfan lakòlè menm jan ak tout lòt yo. Men Bondye, ki rich an mizerikòd, akoz Jn 3:16gran amou Li ke Li te sèvi nan renmen nou an, ki menm lè nou te deja mouri nan transgresyon nou yo, Li te fè nou viv ansanm avèk Kris. Trav 15:11Pa lagras nou te sove a. Li te Kol 2:12leve nou avèk Li, epi te fè nou chita avèk Li nan lye selès yo, nan Kris Jésus, pou nan tan k ap vini yo, Li ta kapab montre nou Wo 2:4richès a gras Li ki pi gran pase tout bagay, nan dousè Li anvè nou nan Jésus Kri. Paske se Trav 15:11pa lagras ke nou sove atravè lafwa. E sa pa de nou menm, se kado a Bondye a. Wo 3:28 Li pa pa mwayen de zèv yo, pou pèsòn pa kapab vante tèt li. 10 Paske nou se èv Li, Kol 3:10kreye an Jésus Kri pou fè bon zèv, ke Bondye te prepare davans pou nou ta kapab mache nan yo.
11 Konsa, sonje, ke oparavan, nou menm, pèp etranje nan lachè yo, ki rele Wo 2:28“Ensikonsi” pa sila ki rele pwòp tèt yo “Sikonsi” yo, ki fèt nan lachè pa men a lòm, 12 sonje ke nou te nan tan sa a separe de Kris, andeyò de kominote Israël la, e etranje selon Gal 3:17akò pwomès yo, san espwa, e san Bondye nan mond lan. 13 Men koulye a nan Kris Jésus, nou menm ki te oparavan byen lwen, nou gen tan vin touprè Wo 3:25pa san a Kris la. 14 Paske Li menm, Li se És 9:6lapè nou, ki te fè de gwoup sa yo vin yon sèl, e ki te kraze baryè miray divizyon an, 15 lè L te aboli nan lachè Li, rayisman ki se lalwa kòmandman yo ki te nan tout règ yo, pou nan Li menm, Li ta kapab fè ak de pèp sa yo, Gal 3:28yon sèl òm tounèf e konsa etabli lapè. 16 Konsa, Li ta kapab II Kor 5:18rekonsilye yo toulède nan yon sèl kò pou Bondye atravè lakwa a, ki te mete rayisman sa a lanmò. 17 “Epi És 57:19Li te vin preche lapè a nou ki te byen lwen an, e lapè a sila ki te touprè yo.” 18 Paske atravè Li menm, nou toulède gen aksè nan I Kor 12:13yon sèl Lespri a Papa a. 19 Konsa, nou pa etranje ak moun deyò ankò, men nou se Fil 3:20sitwayen ansanm avèk sen yo, e manm fanmi a lakay Bondye a, 20 ki te bati sou fondasyon apot ak pwofèt yo, Kris Jésus Li menm kòm Sòm 118:22wòch la ki fòme ang prensipal la. 21 Nan Li menm tout kay la bati ansanm, epi ap grandi pou devni I Kor 3:16yon tanp ki sen nan Senyè a. 22 Nan Li menm, nou osi ap vin I Kor 3:9,16bati ansanm pou vini yon kote pou Lespri Bondye a kapab rete.

2:1 Ef 2:5

2:2 Jn 12:31

2:2 Ef 5:6

2:3 Gal 5:16

2:3 Wo 2:14

2:4 Jn 3:16

2:5 Trav 15:11

2:6 Kol 2:12

2:7 Wo 2:4

2:8 Trav 15:11

2:9 Wo 3:28

2:10 Kol 3:10

2:11 Wo 2:28

2:12 Gal 3:17

2:13 Wo 3:25

2:14 És 9:6

2:15 Gal 3:28

2:16 II Kor 5:18

2:17 És 57:19

2:18 I Kor 12:13

2:19 Fil 3:20

2:20 Sòm 118:22

2:21 I Kor 3:16

2:22 I Kor 3:9,16