KANTIK A KANTIK YO
1
Kantik A I Wa 4:32Kantik Yo, ki ekri pa Salomon.
Jenn Fi a
Kite l bo m ak bo bouch li!
Paske Kan 1:4lanmou ou bon pase diven.
 
Lwil pafen ou yo santi bon.
Ekl 7:1Non ou menm se tankou lwil kap vide;
se pou sa ke tout vyèj yo renmen ou konsa.
Rale m dèyè ou e annou kouri ansanm!
Wa a mennen m nan chanm li yo.
 
Lòt Yo
Kan 1:4“Nou va rejwi nan ou e fè kè kontan;
nou va leve lanmou ou wo plis pase diven.
Jenn Fi a
Ak bon rezon, yo renmen ou konsa.”
Mwen menm, mwen nwa; men mwen byen bèl,
O fi a Jérusalem yo, tankou tant És 60:7 Kédar yo,
tankou rido a Salomon yo.
Pa gade mwen konsa akoz mwen nwa;
solèy la brile m konsa.
Sòm 69:8Fis a manman m yo te byen fache avè m;
Yo te fè m gadyen chan rezen yo.
Men pwòp jaden pa m nan vin neglije.
Pale mwen, ou menm nan
ke nanm mwen tèlman renmen;
ki kote ou fè patiraj twoupo ou a?
Ki kote ou konn fè l kouche a midi?
Paske poukisa mwen ta tankou yon moun
ki vwale figi li nan kote twoupo Kan 8:13 zanmi ou yo?
 
Salomon
Si ou menm, ou pa konnen,
O Kan 5:9pi bèl pami tout fanm yo;
janbe swiv wout twoupo a,
e fè patiraj pou jenn kabrit ou yo
akote tant bèje ou yo.
Pou mwen, cheri mwen an,
ou tankou II Kwo 1:16-17 pi bèl poulich
pami sa kap rale cha Farawon an.
10 Bò figi ou byen bèl ak zanno,
kou ou ak Jen 24:53 bèl kolye.
 
Lòt Yo
11 Nou va fè pou ou dekorasyon an lò
anbeli ak pwent an ajan tou won.
Jenn Fi a
12 Pandan wa a te sou tab li,
Kan 4:14pafen mwen te rive kote l ak bèl odè.
13 Sila ke m renmen an se yon pòch pafen;
Sòm 45:8fèy bazilik ki pase tout nwit lan antre tete mwen.
14 Cheri mwen an se yon grap flè jasmen
byen plase nan chan rezen I Sam 23:29 En-Guédi yo.
Salomon
15 “Tèlman ou bèl, cheri mwen an; tèlman ou bèl!
Kan 4:1Zye ou tankou toutrèl yo.”
Jenn Fi Lan
16 Gade jan ou bèl e byen agreyab, Kan 2:3-17cheri mwen an;
anverite, se zèb vèt kap fè kabann nou.
Salomon
17 Pilye kay nou se I Wa 6:9-10bwa sèd
e travès yo se bwa pen.

1:1 I Wa 4:32

1:2 Kan 1:4

1:3 Ekl 7:1

1:4 Kan 1:4

1:5 És 60:7

1:6 Sòm 69:8

1:7 Kan 8:13

1:8 Kan 5:9

1:9 II Kwo 1:16-17

1:10 Jen 24:53

1:12 Kan 4:14

1:13 Sòm 45:8

1:14 I Sam 23:29

1:15 Kan 4:1

1:16 Kan 2:3-17

1:17 I Wa 6:9-10